Jeremi 19
- 1 Seyè a di m' konsa: -Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou.
- 2 W'a soti lavil la, w'a pase nan pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesaj m'a ba ou a.
- 3 Men sa w'a di yo: -Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo.
- 4 M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pa t' dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pa t' janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan.
- 5 Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m'.
- 6 Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Yo p'ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y'a rele l' Fon Masak la.
- 7 Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki soti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa.
- 8 M'ap fè lavil Jerizalèm tounen dezè. Moun va sezi wè sa. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè dega ki fèt ladan l'.
- 9 Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.
- 10 Lè sa a, Seyè a di m': -W'a kraze kannari a devan je mesye ki t' al avè ou yo.
- 11 W'a di yo: Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p'ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo.
- 12 Se sa mwen pwomèt pou m' fè lavil sa a ansanm ak tout moun ki rete ladan l' yo. M'ap fè lavil la tounen tankou Tofèt.
- 13 Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.
- 14 Lèfini, Jeremi kite Tofèt kote Seyè a te voye l' al bay mesaj li a, li al kanpe nan gwo lakou Tanp lan. Li di pèp la konsa:
- 15 -Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m' di yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian