Jenèz 29
- 1 Jakòb pran mache ankò, li ale nan direksyon peyi moun ki rete bò kote solèy leve a.
- 2 Li rete konsa, li wè yon pi nan mitan savann lan. Te gen twa bann mouton ki te kouche bò pi a. Se nan pi sa a yo te konn pran dlo pou bay bèt yo bwè. Men te gen yon gwo wòch ki te bouche bouch pi a.
- 3 Lè tout bèt yo te sanble, gadò yo te met ansanm pou wete wòch la sou bouch pi a pou fè bèt yo bwè. Apre sa, yo tounen met kouvèti a sou bouch pi a ankò.
- 4 Jakòb mande gadò mouton yo konsa: -Zanmi m' yo, moun ki bò nou ye? Yo reponn li: -Nou se moun Karan.
- 5 Li di yo: -Eske nou konnen Laban, pitit Nakò a? Yo reponn li: -Men wi, nou konnen l'.
- 6 Li mande yo: -Ban m' nouvèl li non. Li byen? Yo reponn li: -Li byen wi. Gade, men Rachèl, pitit fi li a, k'ap vini ak bann mouton li yo.
- 7 Jakòb di yo: -Men, solèy la byen wo toujou, se poko lè pou nou antre mouton yo. Sak fè nou pa bay yo bwè, epi nou ta tounen mete yo nan manje?
- 8 Yo reponn li: -Nou pa ka fè sa. Fòk nou tann tout bann mouton yo sanble. Atòkile, nou tout n'a met men ansanm pou n' woule wòch ki sou bouch pi a. Se lè sa a n'a bay mouton yo bwè.
- 9 Jakòb t'ap pale ak yo toujou lè Rachèl vin rive ak bann mouton papa l' yo. Se li menm ki te gade mouton l' yo pou li.
- 10 Kou Jakòb wè Rachèl, pitit fi Laban, frè manman l' lan, avèk bann mouton Laban yo, li pwoche, li woule wòch ki te sou bouch pi a, li bay bann mouton Laban yo bwè.
- 11 Lè l' fini, li bo Rachèl. Apre sa, li pran kriye.
- 12 Jakòb fè Rachèl konnen se ti fanmi Laban li ye, pitit Rebeka, sè Laban an. Rachèl kouri al di papa l' sa.
- 13 Lè Laban tande se pitit sè li a, li kouri al jwenn li. Li pran l', li pase men nan kou l', li bo l', epi li mennen l' lakay li. Rive yo rive Jakòb rakonte l' tout sak te pase.
- 14 Lè sa a, Laban di l': -Aa wi, se ras mwen ou ye vre. Jakòb rete pase yon mwa lakay Laban.
- 15 Laban mande Jakòb: -Ou se fanmi m', se vre. Men, sa pa vle di fòk ou sevi m' gratis pou sa. Di m' konbe pou m' peye ou?
- 16 Laban te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Leya, pi piti a te rele Rachèl.
- 17 Leya te gen je pichpich, men Rachèl te gen bèl fòm kò, li te bèl anpil.
- 18 Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.
- 19 Laban di l': Pito se ou menm mwen bay li pase m' bay yon lòt moun li. Ou mèt rete lakay mwen.
- 20 Se konsa Jakòb pase sètan ap travay kay Laban pou l' te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.
- 21 Lè lè a rive, Jakòb di Laban: -Bon. Li lè atò pou ou ban m' pitit fi ou la pou m' ka marye avè l'.
- 22 Se konsa Laban fè yon gwo resepsyon nòs, li envite tout moun nan kanton an.
- 23 Men aswè, li te pran Leya, pitit fi li a, li mennen l' bay Jakòb ki kouche avè l'.
- 24 Laban te pran Zilpa, yonn nan sèvant li yo, li bay Leya pou sèvant pa li.
- 25 Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban: -Kisa ou fè m' konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m' koutba sa a?
- 26 Laban di l': -Se pa koutim nou isit pou n' marye ti sè anvan gran sè.
- 27 Tann senmenn lan fin pase. Lè sa a, n'a fin fete nòs la. Apre sa, m'a ba ou Rachèl, si ou dakò pou sèvi avè m' pandan sèt lòt lanne ankò.
- 28 Jakòb tonbe dakò. Lè senmenn fèt la fin pase, Laban pran lòt pitit fi l' la, Rachèl, li bay Jakòb li pou madanm tou.
- 29 Laban pran Bila, yonn nan sèvant li yo, li bay Rachèl li pou sèvant li.
- 30 Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l' pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò.
- 31 Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t' renmen Leya, li fè l' fè pitit. Men, Rachèl pa t' kapab fè pitit.
- 32 Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn.
- 33 Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m' yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m' pa renmen m' menm. Se konsa li rele l' Simeyon.
- 34 Li vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di: -Fwa sa a, mari m' pral rete avè m' nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li. Se konsa li rele l' Levi.
- 35 Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m'ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l' Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionExplained
Understand this chapter
Jacob reaches a well, meets Rachel, and works seven years for her. On the wedding night Laban gives him Leah instead. He protests, is told the custom, and works another seven years. Then Leah bears four sons while Rachel bears none.
Read the explanationIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian