Ezekyèl 6
- 1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
- 2 -Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn peyi Izrayèl yo. Bay moun yo mesaj mwen ba ou pou yo a.
- 3 W'a di moun nan mòn peyi Izrayèl yo: Koute mesaj Seyè a, Bondye Sèl Mèt la. Men sa li di moun nan mòn yo, nan ti mòn yo, nan ravin yo ak nan fon yo. Mwen pral voye lènmi atake nou ak nepe pou detwi tout kote nou konn fè sèvis pou zidòl yo.
- 4 Y'ap kraze tout lotèl nou yo, y'ap fè lotèl lansan nou yo tounen miyèt moso. M'ap fè yo touye moun nou yo devan vye zidòl yo a.
- 5 M'ap gaye kadav moun pèp Izrayèl yo devan tout vye zidòl yo, m'ap mache gaye zosman yo tout bò lotèl yo.
- 6 Y'ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y'ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y'ap kraze zidòl nou yo, y'ap disparèt yo. Y'ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt.
- 7 Anpil moun ap tonbe mouri nan mitan nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
- 8 Men, m'ap kite de twa nan nou chape nan lagè a. Lèfini m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.
- 9 Moun ki va chape yo va chonje m' nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.
- 10 Y'a konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè m' te di yo mwen t'ap voye tout malè sa yo sou yo, se pa t' pale mete la m' t'ap fè.
- 11 Men sa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, di ankò: -Mare ren ou, leve de bra ou anlè! Rele gras lamizerikòd! Akòz tout bagay mal, bagay mwen pa vle wè menm, moun pèp Izrayèl yo ap fè a, yo pral mouri nan lagè, nan grangou, anba gwo maladi.
- 12 Moun ki lwen yo pral tonbe malad, y'ap mouri. Moun pre yo pral mouri nan lagè. Sa ki va rete yo pral mouri grangou. M'ap move sou yo jouk mwen p'ap kapab ankò.
- 13 Kadav yo pral gaye nan mitan zidòl bò lotèl yo, sou tèt tout ti mòn yo, sou tèt tout gwo mòn yo, anba pyebwa plen fèy vèt yo, anba gwo bwadchenn yo, kote yo te konn boule bèt yo ofri pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo. Lè sa a, y'a konnen se mwen men ki Seyè a.
- 14 Wi, m'ap lonje men m' sou yo pou m' touye yo tout. M'ap fè dènye kote yo te rete nan pèyi a tounen yon savann san moun ladan l', depi dezè ki sou bò sid la rive lavil Ribla sou bò nò. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian