Ezekyèl 15
- 1 Seyè a pale avè m' ankò: Li di m' konsa:
- 2 -Nonm o! Kisa bwa pye rezen an genyen ki fè l' pi bon pase bwa tout lòt pyebwa ou ka jwenn nan rak?
- 3 Eske li ka ba ou bwa pou fè anyen? Eske yo ka fè pikèt kwòk avè l' pou pandye bagay?
- 4 Li ka sèvi pou limen dife ase. Dife a boule de bout li yo ansanm ak mitan an. Apre sa, ou pa ka fè anyen avè l' ankò.
- 5 Li pa t' ankò boule a, yo te tou pa ka fè anyen avè l'. Koulye a dife a fin boule l', se pi rèd ankò.
- 6 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Menm jan yo pran yon bwa pye rezen nan mitan yon rakbwa, yo jete l' nan dife pou boule l', se sa menm mwen pral fè ak moun lavil Jerizalèm yo.
- 7 M'ap kenbe tèt ak yo. Yo te chape anba dife a yon fwa, men se dife k'ap boule yo. Lè m'a kenbe tèt ak yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
- 8 Yo twonpe m' tankou yon fanm k'ap twonpe mari l'. Se poutèt sa m'ap fè peyi a tounen yon dezè. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian