Ezayi 64
- 1 Si ou te ka chire syèl la desann! Mòn yo ta annik wè ou, yo ta pran tranble.
- 2 Yo ta moute desann tankou dlo k'ap bouyi sou gwo dife bwa. Desann non pou fè lènmi ou yo konnen ki moun ou ye, pou fè tout nasyon yo tranble devan ou!
- 3 Yon lè, ou te desann, ou te fè yon bann bagay nou pa t'ap tann, bagay ki fè moun pè: mòn yo te wè sa, yo te pran tranble.
- 4 Pesonn pa janm wè ni yo pa janm tande yon Bondye tankou ou ki ka fè tou sa pou moun ki met espwa yo nan li.
- 5 Men, ou louvri bra ou pou ou resevwa moun ki te kontan mache dwat devan ou yo, moun ki te mache nan chemen ou mete devan yo epi ki pa janm bliye ou yo. Men, ou te move dèske nou pa t' sispann fè sa ki mal. Sa lakòz n'ap soufri jouk jou w'a vin delivre nou.
- 6 Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.
- 7 Pesonn pa lapriyè ou ankò! Pesonn pa chonje reve vin mande ou sekou. Ou vire do ban nou. Ou lage nou, ou kite peche nou yo fini ak nou.
- 8 Men, Seyè, se ou ki papa nou! Se tè krich nou ye. Se ou menm k'ap ban nou fòm. Se ou menm ki te fè nou ak men ou.
- 9 Tanpri, Seyè, pa fache tout fache sa a ak nou ankò! Pa kenbe nou nan kè ou poutèt peche nou yo! Se pèp pa ou la menm nou te ye! Tanpri, pitye pou nou!
- 10 Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.
- 11 Tanp nou an, bèl kay yo te mete apa pou ou a, kay kote tout zansèt nou yo t'ap fè lwanj ou a, dife fin boule sa. Tout bèl kote nou te renmen yo fin kraze.
- 12 Seyè, tou sa pa di ou anyen? Ou p'ap fè anyen pou nou? Ou pral kite nou soufri jouk nou p'ap kapab ankò?
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian