Ezayi 6
- 1 Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan.
- 2 Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole.
- 3 Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
- 4 Tout poto kay Bondye a tranble lè bèt vivan yo t'ap rele konsa a. Lafimen te plen tout anndan tanp lan.
- 5 Mwen di: -Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki soti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Seyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m'.
- 6 Yonn nan bèt vivan yo pran yon chabon dife tou limen ak yon pensèt sou lotèl la, li vole vin bò kote m' avèk chabon dife a nan men li.
- 7 Li kole l' sou bouch mwen, epi li di m' konsa! -Sa a kole sou po bouch ou. Koulye a, ou pa gen peche ankò. Bondye padonnen tou sa ou fè ki mal.
- 8 Apre sa, mwen tande Seyè a ki t'ap di: -Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou? Mwen di: -Men mwen. Voye m'!
- 9 Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!
- 10 Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo.
- 11 Lè sa a, mwen di: -Seyè! Kilè sa va sispann? Li reponn mwen: -Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann.
- 12 Mwen menm, Seyè a, m'a mete tout moun deyò nan peyi a. Tout peyi a pral rete san moun ladan l'.
- 13 Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe pye kajou ak pye bwadchenn. Chouk la ase ki va rete. Chouk sa a va pouse ankò, pèp Bondye a va kanpe ankò.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian