Ezayi 39
- 1 Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad epi li refè. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.
- 2 Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.
- 3 Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': -Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: -Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn.
- 4 Ezayi di l' konsa: -Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn li: -Yo wè tou sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.
- 5 Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Koute mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a voye ba ou:
- 6 Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.
- 7 Y'ap pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.
- 8 Ezekyas reponn Ezayi, li di l' konsa: -Mesaj Bondye ba ou pou di m' lan gen tan bon. Men li t'ap di nan kè l': Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian