Ezayi 20
- 1 Sa te pase nan lanne Sagon, wa peyi Lasiri, te bay kòmandan chèf lame li a lòd pou l' te al atake lavil Asdòd nan peyi moun Filisti yo. Epi li pran l'.
- 2 Men anvan sa, Seyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la. Li te di l': Wete rad sak kòlèt ki sou ou a ak sapat ki nan pye ou la. Se sa menm Ezayi te fè. Se konsa li t'ap mache toutouni pye atè nan lari.
- 3 Lanne yo te pran lavil Asdòd la, Seyè a di konsa: -Ezayi, sèvitè m' lan, te rete toutouni pye atè pandan twazan. Sa se yon siy ak yon avètisman pou sa ki pral rive peyi Lejip ak peyi Letiopi.
- 4 Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.
- 5 Moun ki te konte sou peyi Letiopi ak moun ki t'ap fè lwanj peyi Lejip yo pral wont, yo pral dekouraje.
- 6 Lè jou sa a va rive, moun ki rete sou rivaj peyi Filisti a va di: Gade sa ki rive moun sa yo! Epi se sou yo nou te konte, se lakay yo nou te fè lide al chache pwoteksyon pou yo te ka sove nou anba men wa peyi Lasiri a! Koulye a, kote n'ap bay tèt pou n' chape kò nou?
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian