Ezayi 18
- 1 Lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, gen yon peyi kote yo tande yon bri tankou bri zèl yon bann krikèt.
- 2 Mesaje ap soti nan peyi sa a, y'ap desann larivyè Nil lan nan pipirit fèt ak wozo. Nou menm mesaje yo, mete zèl nan pye nou. Tounen lakay nou. Pote nouvèl la bay moun peyi nou an. Se yon gwo peyi ki fò anpil, ki gen anpil larivyè k'ap koule ladan l'. Al pote nouvèl la bay moun bèl wotè yo, ki gen po yo boule nan solèy. Se yon pèp tout moun pè.
- 3 Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an.
- 4 Seyè a di m' konsa: M'ap rete rete m' kote m' ye nan syèl la, m'ap gade anba san m' pa fè ankenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt.
- 5 Paske, menm jan anvan rekòt rezen yo, lè yo fin fleri, lè rezen yo pral mi, yo debranche yo ak kouto, yo wete tout ti branch yo, yo ba yo lè, se konsa lènmi yo pral detwi moun peyi Letiopi yo.
- 6 Yo pral kite kadav sòlda yo konsa pou zwezo ki manje vyann epi ki rete nan mòn ak pou bèt nan bwa. Nan sezon chalè, zwezo va vin manje yo. Nan sezon fredi, se bèt nan bwa ki va vin manje yo.
- 7 Lè sa a, bann moun bèl wotè ki gen po yo boule nan solèy, pèp tout moun pè a, moun ki rete nan gwo peyi ki gen fò anpil la, yo menm ki rete nan peyi ki nan tèt dlo larivyè Nil lan, y'a pote kado bay Seyè ki gen tout pouvwa a. Y'a vin jouk sou mòn Siyon an kote moun fè sèvis pou Seyè ki gen tout pouvwa a.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian