Ezayi 13
- 1 Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:
- 2 -Mete yon drapo kanpe sou tèt yon mòn kote pa gen pyebwa menm! Rele byen fò pou sòlda yo pare yo! Leve men ou anlè. Ba yo siyal pou y' al atake pòtay lavil grannèg yo!
- 3 Se mwen menm, Seyè a, k'ap bay sèvitè m' yo lòd! M'ap rele tout vanyan sòlda mwen yo, tout moun pa m' yo ki gen kè kontan, k'ap mache tèt anlè, pou yo pini moun k'ap fè m' fè kòlè yo.
- 4 Koute yon gwo bri sou mòn yo! Se tankou bri yon gwo foul moun, yon kantite nasyon ak moun tout peyi k'ap sanble. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap fè enspeksyon lame li a anvan y' al goumen.
- 5 Seyè a move, l'ap vini ansanm ak sòlda ki pral fè sa li ba yo lòd fè a. Y'ap soti byen lwen nan lòt peyi ki nan dènye bout latè pou yo vin ravaje tout peyi a.
- 6 Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a.
- 7 Se poutèt sa, tout moun sou latè pèdi kouraj, kè yo kase!
- 8 Y'ap rete konsa, yo pral gen doulè ak lakranp nan tout kò yo. Yo pral tòde tankou fanm ansent ki gen tranche. Yonn ap gade lòt san di krik, y'ap rete ak je yo louvri byen gran tèlman y'a wont.
- 9 Jou Seyè a ap rive. Seyè a ap san pitye, l'ap fè gwo kòlè, l'ap move anpil. L'ap fè tè a tounen yon dezè, l'ap disparèt dènye moun k'ap fè sa ki mal!
- 10 Tout grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p'ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p'ap klere ankò.
- 11 Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.
- 12 Moun k'ap chape yo ap pi ra pase bon lò, pase bon lò ki soti nan peyi Ofi.
- 13 Se poutèt sa, jou mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'a fè move san an, jou m'a fè gwo kòlè mwen an, m'ap fè syèl la tranble, m'ap fè tè a kite plas kote li ye a.
- 14 Lè sa a, moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k'ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann.
- 15 Y'ap touye tout moun peyi a y'a kontre sou wout yo, y'ap kraze tout moun peyi a y'a bare sou chemen yo.
- 16 Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.
- 17 Seyè a di ankò: -Mwen pral voye moun peyi Medi yo vin atake yo. Se yon bann moun lajan pa di yo anyen, lò pa tante yo.
- 18 Avèk banza yo, yo pral touye jenn gason. Y'ap san pitye pou timoun fenk fèt. Kè yo p'ap fè yo mal pou timoun piti.
- 19 Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò.
- 20 Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.
- 21 Se la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la otrich pral fè kay yo. Se la kabrit mawon pral danse kalenda.
- 22 Chen mawon pral wouke nan gwo kay yo. Chat mawon pral pran plezi yo nan bèl palè yo. Lè a prèt pou sonnen pou lavil Babilòn, jou l' prèt pou bout.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian