Estè 7
- 1 Wa a te al nan fèt larenn Estè a ankò ansanm ak Aman.
- 2 Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè, tankou premye jou a: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li!
- 3 Estè reponn li: -Si wa a kontan avè m', si se plezi li pou li ban mwen sa m' vle a, tanpri, sove lavi m' ansanm ak lavi pèp mwen an. Se sa ase mwen mande ou.
- 4 Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a.
- 5 Wa Asyeris mande larenn Estè: -Ki moun ki penmèt li gen lide fè bagay konsa? Kote moun lan?
- 6 Estè reponn li: -Moun ki pa vle wè nou an, moun k'ap pèsekite nou an, se Aman, mechan sa a! Aman dekare, li pran tranble devan wa a ak larenn lan.
- 7 Wa a leve bò tab la byen move, li soti deyò al nan jaden palè a. Aman te konnen wa a tapral pini l' pou sa l' fè a. Li rete pou l' mande larenn lan fè pa l'.
- 8 Aman te fèk panche kò l' sou divan Estè a pou mande l' padon lè wa a tounen antre soti nan jaden an. Lè wa a wè sa, li di: -Koulye a, apa nonm lan soti pou li fè kadejak sou larenn Estè, l'a devan je m', nan mitan lakay mwen an! Wa a poko fin pale, nèg konfyans yo gen tan kouvri tèt Aman.
- 9 Yonn ladan yo ki te rele Abona, di konsa: -Aman te menm gen tan fè kanpe yon poto nan lakou lakay li pou l' te pann Madoche ki te sove lavi wa a. Poto a gen swasannkenz pye wotè. Wa a bay lòd pou yo pann Aman ladan l'.
- 10 Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian