Estè 4
- 1 Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l' lapenn anpil. Li chire rad sou li. Li mete yon rad sak anwo li ak sann dife sou tèt li, li pran lari pou li, li t'ap rele, li t'ap plenn byen fò.
- 2 Li rive devan pòtay palè a. Li pa antre, paske moun pa gen dwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo.
- 3 Nan tout pwovens yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a, se te yon gwo lafliksyon pou jwif yo. Yo fè jèn, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn. Anpil ladan yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.
- 4 Lè sèvant Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo al di li sa Madoche t'ap fè, sa te boulvèse li anpil. Estè voye bon rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men Madoche derefize.
- 5 Lè sa a, Estè rele Atach, yonn nan domestik konfyans wa a te ba li pou sèvis li, li voye l' bò kote Madoche pou konnen sa k'ap pase ak poukisa l'ap fè sa.
- 6 Atach al jwenn Madoche sou plas piblik ki te devan pòtay palè wa a.
- 7 Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomèt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo.
- 8 Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l' pou l' pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l' sitiyasyon an, lèfini pou Estè al bò kot wa a pou pale avè l', pou mande l' gras pou pèp li a.
- 9 Atach al di Estè tou sa Madoche te di l'.
- 10 Estè menm voye Atach di Madoche konsa: -Pèsonn, li te mèt fanm li te mèt gason, pa gen dwa antre nan lakou anndan palè a pou wè wa a, si se pa wa a ki voye chache l'. Si yon moun fè sa, y'ap touye l'. Se lalwa.
- 11 Tout moun k'ap travay ak wa a ansanm ak tout pèp lòt peyi ki sou lòd li yo konn sa. Sèl jan pou l' pa mouri se si wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.
- 12 Lè Atach bay Madoche mesaj Estè a,
- 13 Madoche voye repons sa a bay Estè: -Pa mete nan tèt ou lè y'ap touye jwif yo w'ap chape paske se lakay wa a ou rete.
- 14 Si ou konprann pou fèmen bouch ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou delivre pèp jwif la. Y'a sove, men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a ou larenn jounen jòdi a.
- 15 Estè voye reponn Madoche:
- 16 -Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.
- 17 Madoche ale, li fè tou sa Estè te di l' fè a.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian