Esdras 3
- 1 Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, moun pèp Izrayèl yo te gen tan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm.
- 2 Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l' yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a.
- 3 Atout yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Seyè a, chak maten ak chak aswè.
- 4 Yo fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a.
- 5 Apre sa, yo ofri bèt pou yo boule chak jou a, bèt pou yo boule chak fèt lalin nouvèl yo, ak bèt pou tout lòt jou y'ap fè fèt pou Seyè a, ansanm ak tout lòt ofrann moun yo vle fè pou Seyè a san se pa li ki mande yo fè l'.
- 6 Pèp la pa t' ankò mete men nan tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Seyè a.
- 7 Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo.
- 8 Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a.
- 9 Se konsa Jozye, pitit gason l' yo ak lòt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyèl ak pitit gason l' yo, moun fanmi Jida, mete tèt yo ansanm, yo pran reskonsablite travay ki t'ap fèt nan tanp Bondye a.
- 10 Lè bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon tanp Seyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Seyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan.
- 11 Yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo t'ap di l' mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Seyè a bon! Li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyè a.
- 12 Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon tanp lan t'ap moute ankò devan je yo, genyen ki t'ap kriye ak dlo nan je. Men, anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan.
- 13 Men, pesonn pa t' ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian