Eklezyas 11
- 1 Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.
- 2 Separe sa ou genyen ak mezi moun ou kapab, paske ou pa janm konnen ki malè ki ka rive ou sou latè.
- 3 Depi nwaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l' tonbe a, se la pou li rete.
- 4 Si w'ap gade sou van, ou p'ap janm plante. Si w'ap gade sou nwaj, ou p'ap janm ranmase rekòt.
- 5 Menm jan ou pa konnen ni kote van an soti ni kote li prale, menm jan an tou ou pa konnen ki jan zo timoun fè fòme nan vant fanm ansent. Se konsa tou ou pa ka konprann travay Bondye, li menm ki fè tout bagay.
- 6 Nan maten, plante jaden ou. Aswè rive, plante jaden ou ankò. Ou pa janm konnen kilès nan de yo ap bay plis rannman. Ou pa janm konnen si tou de p'ap pran, si tou de p'ap bay menm rannman.
- 7 Ala bon bagay se fè klè! Sa bon nèt lè ou wè solèy.
- 8 Di Bondye mèsi pou chak lanne li mete sou lavi ou. Ou te mèt viv lontan, pa bliye tan ou pral pase lè ou fin mouri a long anpil. Tou sa ki vin apre pa vo anyen.
- 9 menm, jenn gason, pwofite jennès nou. Fè kè nou kontan pandan tout tan nou jenn gason toujou. Fè tou sa nou ta vle fè, tou sa nou anvi fè. Men pa bliye Bondye gen pou mande nou kont pou tou sa nou fè.
- 10 Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian