Egzòd 11
- 1 Seyè a di Moyiz: -Mwen pral voye yon lòt malè sou farawon an ak sou peyi Lejip la. Apre sa, l'ap kite nou ale. Wi, lè l'a pare pou l' kite nou ale a, se mete l'ap mete nou deyò.
- 2 Pale ak pèp Izrayèl la. Se pou yo chak mande vwazen ak vwazen yo fè yo kado bagay yo genyen ki fèt an ajan osinon an lò.
- 3 Seyè a te fè moun peyi Lejip yo vin gen kè sansib pou moun pèp Izrayèl yo. Pou Moyiz menm, tout moun nan peyi a te gen gwo respè pou li. Moun farawon yo ansanm ak tout pèp la te respekte Moyiz anpil.
- 4 Moyiz di farawon an: -Men sa Seyè a di: Aswè a, nan mitan lannwit, m'ap pase kay moun peyi Lejip yo.
- 5 Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou.
- 6 Pral gen yon sèl gwo rèl nan tout peyi a, rèl moun poko janm tande, rèl moun p'ap janm tande ankò.
- 7 Men, nan mitan pèp Izrayèl la, ou p'ap menm tande yon chen wouke, paske ni moun ni bèt p'ap mouri la. Konsa, w'a konnen Seyè a fè yon diferans ant pèp peyi Lejip la ak pèp Izrayèl la.
- 8 Lè sa a, tout moun pa ou yo pral desann vin kote mwen. Y'ap bese tèt yo jouk atè devan mwen. y'a di m': Ale non, ou menm ansanm ak tou pèp ou a. Se lè sa a, m'a pati. Lèfini, Moyiz soti byen fache lakay farawon an.
- 9 Seyè a di Moyiz: -Farawon an p'ap koute ou. Konsa, m'a fè plis mèvèy toujou nan peyi Lejip.
- 10 Moyiz ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan farawon an. Men farawon an pa t' vle kite moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi a. Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian