Ebre 1
- 1 Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l' te ka pale ak zansèt nou yo.
- 2 Men, nan dènye jou sa yo, se pitit li a menm Bondye te voye pale ak nou nan non li. Se ak Pitit sa a Bondye te kreye tout bagay. Se li menm tou Bondye chwazi pou eritye tout bagay lè sa va fini nèt.
- 3 Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.
- 4 Pitit la sitèlman gen plis pouvwa pase zanj yo, Bondye ba l' yon non ki pi konsekan pase pa yo a.
- 5 Kilès nan zanj yo Bondye te janm di: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a se mwen ki papa ou? Li pa janm di okenn nan zanj li yo: M'a yon papa pou li. La yon pitit pou mwen.
- 6 Men, lè Bondye t'ap voye premye Pitit li a sou latè, li te di: Se pou tout zanj Bondye yo adore li.
- 7 Lè l' t'ap pale sou zanj li yo, li te di: Bondye fè zanj li yo tounen van. Li fè sèvitè l' yo tounen flanm dife.
- 8 Men, lè l'ap pale sou Pitit li a, li di: O Bondye, gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
- 9 Ou te renmen tou sa ki byen. Ou te rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou la chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale, li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
- 10 Yon lòt fwa, li di ankò: Se ou menm, Mèt la, Bondye ki te kreye latè nan konmansman. Se avèk men ou ou te fè syèl la.
- 11 Yo gen pou yo disparèt, men ou menm w'ap toujou la. Yo gen pou yo fini tankou rad.
- 12 W'ap vlope yo tankou yon chemiz mete la. W'ap chanje yo tankou rad. Men ou menm, ou p'ap janm chanje, ou p'ap janm mouri.
- 13 Bondye pa janm di okenn nan zanj li yo: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
- 14 Kisa zanj Bondye yo ye menm? Yo tout se yonn bann lespri k'ap sèvi Bondye. Se Bondye menm ki voye yo pou ede moun ki la pou jwenn delivrans yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian