Deteronòm 25
- 1 Lè yon kont pete nan mitan nou, moun ki gen kont yo va ale lajistis pou yo jije ka a. Y'a bay sa ki gen rezon an rezon, sa ki gen tò a tò.
- 2 Si sa ki gen tò a merite bat, jij la va fè l' kouche plat atè, epi, l'a devan je l', l'a fè yo ba li kantite kou li merite pou sa l' fè a.
- 3 Nou pa janm gen dwa depase karant kou. Si nou ba li plis, nou ka pini l' twòp. Lè sa a, n'a avili l' devan tout moun.
- 4 Nou pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l' manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou.
- 5 Lè de frè rete ansanm nan menm kay, si yonn ladan yo rive mouri san li pa kite pitit, madan defen an pa ka al marye ak yon moun ki pa nan fanmi an. Se va devwa bòfrè a pou l' al jwenn vèv la pou l' marye ak li.
- 6 Premye pitit gason madanm lan va fè a va pote non frè ki mouri a pou non l' pa pèdi nan peyi Izrayèl la.
- 7 Men, si nonm lan pa vle marye ak bèlsè li a, bèlsè a va moute nan tribinal bò pòtay lavil la, epi l'a di chèf fanmi yo: Bòfrè mwen an derefize fè devwa l'. Li pa vle konsève non frè li nan peyi Izrayèl la. Li refize marye avè m', jan lalwa peyi a mande l' fè l' la.
- 8 Lè sa a, chèf fanmi ki nan lavil la va fè rele nonm lan vin jwenn yo epi y'a pale avè l'. Si li derefize marye avèk bèlsè a,
- 9 bèlsè a va mache sou li, devan tout chèf fanmi yo, l'a wete yon grenn sapat nan pye nonm lan, l'a krache nan figi l', epi l'a di: -Men sa ki pou rive yon nonm ki refize bay frè li yon pitit.
- 10 Nan peyi Izrayèl la, y'a rele fanmi nonm sa a: fanmi nonm grenn sapat la.
- 11 Si pandan de gason nan moun Izrayèl yo ap goumen, madanm yonn nan yo pwoche pou l' sove mari l' anba men lòt k'ap bat li a, epi li lonje men l', li kenbe lòt lan nan pati li,
- 12 se pou nou san pitye pou li: koupe men l' la pou la.
- 13 Nou pa gen dwa gen de kalite pwa nan sakit nou pou pran pèz, yonn ki bon, yonn ki pa bon,
- 14 ni de kalite mezi lakay nou, yonn ki bon ak yonn ki pa bon.
- 15 N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.
- 16 Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa, moun k'ap fè lenjistis.
- 17 Pa janm bliye sa Amalèk te fè nou lè nou te sou wout nou ap soti nan peyi Lejip.
- 18 Yo pa t' gen krentif Bondye. Yo vin kontre nou sou chemen nou. Lè sa a nou te bouke, kò nou te kraze, epi yo pase pa dèyè, yo touye tout moun ki t'ap trennen dèyè yo.
- 19 Se poutèt sa, lè Seyè a, Bondye nou an, va ban nou lapè ak tout lènmi sa yo ki antoure nou toupatou nan peyi l'ap ban nou pou rele nou pa nou an, se pou nou touye tout moun Amalèk yo pou pesonn sou latè pa janm chonje yo ankò. Pa bliye sa!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian