Danyèl 12
- 1 Zanj ki te gen rad swa sou li a, di ankò: -Lè sa a, Michèl, gwo zanj k'ap veye sou pèp ou a, ap parèt. Se pral yon tan kè sere moun poko janm wè depi yo sou latè. Lè lè a va rive, tout moun ki fè pati pèp ou a epi ki gen non yo ekri nan liv Bondye a, va sove.
- 2 Anpil nan moun ki te mouri deja yo pral leve vivan ankò. Gen ladan yo ki pral jwi lavi ki p'ap janm fini an. Gen lòt ki pral wont, yo pral soufri avilisman ki p'ap janm fini an.
- 3 Moun ki gen lespri yo pral klere tankou limyè nan syèl la. Moun ki te moutre jan pou moun mache dwat yo va klere tankou zetwal pou tout tan tout tan.
- 4 Li di m' ankò: -Bon. Koulye a, Danyèl, fèmen liv la. Sele l' byen sele jouk lè a va rive pou tout bagay fini. Anpil moun pral bat kò yo pou yo konprann sa k'ap pase. Lè sa a, plis konesans pral gaye toupatou sou latè.
- 5 Mwen gade, mwen wè de lòt moun ki te kanpe bò larivyè a, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.
- 6 Yonn ladan yo pale ak zanj ki te pi wo a, nan direksyon tèt dlo a, zanj ki te gen rad swa sou li a, li mande l': -Konbe tan ankò anvan pou gwo bagay sa yo rive?
- 7 Zanj lan leve bra l' anlè nan syèl la, mwen tande li fè yon gwo sèman nan non Bondye vivan an, li di konsa: -Nan twazan si mwa, lè y'a fin kraze tout fòs pèp Bondye a, tout bagay sa yo va rive.
- 8 Mwen tande sa l' te di a, men mwen pa t' konprann. Konsa, mwen mande l': -Men, mèt, ki jan sa ap fini menm?
- 9 Li reponn mwen: -Danyèl monchè, ou mèt al fè wout ou, paske koze sa a fèt pou rete kache epi byen sele, jouk lè a va rive pou sa fini.
- 10 Lè sa a, anpil moun pral pase anba soufrans yo te anonse a. Y'ap soti netwaye, lave, blanchi. Moun k'ap fè mechanste yo menm p'ap konprann anyen, y'ap toujou rete ap fè mechanste yo. Men, moun ki gen lespri ap konprann.
- 11 Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevendis (01290) jou ki gen pou pase.
- 12 Ala bon sa pral bon pou moun ki va kenbe fèm jouk mil twasantrannsenk (01.335) jou sa yo va fin pase!
- 13 Ou menm, Danyèl, kenbe fèm jouk sa kaba. Apre sa, w'a mouri. Men, w'a leve vivan ankò pou resevwa rekonpans ou lè tout bagay va fini!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian