Chante Salomon 8
- 1 Poukisa se pa t' frè m' ou te ye, frè ki tete menm manman avè m'? Lè m' ta kontre avè ou nan lari, m' ta gen dwa bo ou, pesonn pa ta wè mal nan sa.
- 2 Mwen ta mennen ou lakay manman m', mwen ta fè ou antre. Ou ta moutre m' sa pou m' fè. M' ta ba ou diven melanje ak fèy santi bon ak ji grenad mwen yo pou ou bwè.
- 3 Li pase men gòch li anba tèt mwen, l'ap karese m' ak men dwat li.
- 4 Nou menm medam lavil Jerizalèm, tanpri, tanpri souple! Pa deranje anmòrèz mwen lè l'ap dòmi. Pa leve l' san l' pa vle.
- 5 Kilès sa a k'ap vin sot nan dezè a? Kilès sa a ki apiye sou bra mennaj li konsa? Anba pye ponm lan, mwen leve ou nan dòmi. Se la ou te fèt. Se la manman ou te fè ou wè solèy.
- 6 Pa renmen lòt moun pase mwen ase! Kenbe m' fò nan bra ou! renmen tankou lanmò. Lè ou renmen yon moun tout bon, se mouri w'ap mouri pou li. renmen met dife nan tout kò ou. Dife sa a se nan Bondye li soti.
- 7 Pa gen dlo ki ka touye l'. Pa gen larivyè ki ka tenyen l'. Yon moun te mèt ofri tout richès lakay li pou l' ta achte renmen, pesonn pa ta okipe l'.
- 8 Nou gen yon ti sè, li poko menm pouse tete. Kisa pou nou fè pou li si yon jenn gason vin ap file l'?
- 9 Si se yon miray li ye, n'a bati yon gwo fò won an ajan sou li. Si se yon pòt li ye, n'a fèmen l' ak batan sèd, n'a kouvri l' ak panno bwa sèd.
- 10 Se yon miray ranpa mwen ye. Tete m' tankou de fò. Se poutèt sa, nan je mennaj mwen, m' se yon fanm ki jwenn bonè m'.
- 11 Salomon te gen yon jaden rezen yon kote yo rele Baal-Amon. Li bay kèk moun okipe l' pou li. Lè rekòt, yo chak pou te ba li mil (01.000) pyès ajan.
- 12 Mwen gen jaden rezen pa m' m'ap okipe. Salomon, ou mèt kenbe mil (01.000) pyès ajan pa ou yo ak desan (0200) pyès ajan pou moun k'ap veye rekòt la.
- 13 Zanmi kanmarad ap pare zòrèy pou tande ou. Fè m' tande vwa ou non, ou menm ki rete nan jaden yo!
- 14 Kouri non, mennaj mwen! Kouri tankou yon kabrit, tankou yon jenn ti kabrit sou mòn ki gen bon sant yo!
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian