2 Korint 13
- 1 M'ap vin lakay nou pou yon twazyèm fwa. Lè sa a, jan sa ekri nan Liv la, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.
- 2 M'ap avèti nou tout ki te fè peche anvan sa, ansanm ak tout lòt yo. Mwen te deja di nou sa lè m' te vin lakay nou dezyèm fwa a. Koulye a mwen pa la, m'ap repete l' ankò: pwochenn fwa m'ap tounen lakay nou, mwen p'ap mennaje pesonn.
- 3 Nou bezwen prèv se Kris la k'ap pale lè m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l'ap regle ak nou. Okontrè, l'ap fè nou wè pouvwa li.
- 4 Wi, se vre: yo te kloure l' sou yon kwa paske li te fèb. Men koulye a, li vivan gremesi pouvwa Bondye a. Mwen menm tou, mwen fèb ansanm ak Kris la. Men, lè m'ap regle avèk nou, mwen vivan ansanm avè l' tou, gremesi pouvwa Bondye a.
- 5 Sonde tèt nou nou menm, egzaminen konsyans nou byen pou wè si n'ap viv ak konfyans nan Bondye. Nou fèt pou nou rekonèt si Jezikri nan kè nou, esepte si nou pa ta kapab bay prèv nou gen konfyans nan Bondye.
- 6 Men, mwen kwè n'a rekonèt sa tou: mwen menm, mwen kapab bay prèv mwen gen konfyans nan Bondye.
- 7 M'ap lapriyè Bondye pou nou pa fè anyen ki mal. Lè m' fè sa, mwen pa fè l' nan lide pou m' moutre sa m' kapab fè. Men, mwen ta renmen wè nou fè sa ki byen, menm si mwen pase pou moun ki pa kapab fè anyen.
- 8 Nou pa ka fè anyen ki kont verite Bondye a, se pou li ase nou ka travay.
- 9 Mwen kontan nèt lè mwen menm mwen fèb, epi nou menm nou gen fòs. Se sak fè, m'ap mande nan lapriyè m' pou nou vin bon nèt sou tout pwen.
- 10 M'ap ekri nou konsa lè mwen lwen nou, se pou lè m' rive lakay nou, mwen pa bezwen aji sevè avèk nou. Otorite Seyè a ban mwen an, se pa pou detwi nou non li ban mwen li. Men, se pou fè nou grandi nan konfyans nou gen nan Kris la.
- 11 Koulye a, frè m' yo, mwen kite nou. Chache pou nou vin bon nèt sou tout pwen. Se pou nou yonn ankouraje lòt, mete nou dakò yonn ak lòt, viv ak kè poze. Bondye ki bay renmen ak kè poze a, va toujou avè nou.
- 12 Se pou nou yonn bo lòt tankou moun k'ap viv pou Bondye.
- 13 (13:12) Tout frè k'ap viv apa pou Bondye yo voye bonjou pou nou.
- 14 (13:13) Se pou benediksyon Seyè Jezikri ban nou an, ak renmen Bondye gen pou nou an, ansanm ak pouvwa Sentespri k'ap fè nou viv ansanm lan toujou la ak nou tout.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian