2 Istwa 27
- 1 Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l' te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.
- 2 Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l', te fè. Tansèlman, li pa t' janm mete pwent pye l' nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo.
- 3 Se Jotam ki te bati Pòtay Nò Tanp Seyè a. Li fè anpil travay nan miray lavil la nan zòn yo rele Ofèl la.
- 4 Li bati anpil lavil nan mòn peyi Jida a. Li bati gwo fò ak fò won nan tout rakbwa yo.
- 5 Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (03.300) kilo ajan, senkantmil (050.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne.
- 6 Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Seyè a, Bondye li a.
- 7 Tout rès istwa Jotam lan, tout lagè li te fè, tou sa li te reyalize, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl ak wa peyi Jida yo.
- 8 Li te gen vennsenkan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan.
- 9 Lè Jotam mouri, yo antere l' nan lavil David la. Se Akaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian