1 Tesalonik 3
- 1 Se konsa, mwen pa t' kapab tann ankò. Mwen pran desizyon rete pou kont mwen lavil Atèn.
- 2 Mwen te voye Timote, frè nou an, al wè nou. Se yon sèvitè Bondye k'ap travay ansanm ak mwen pou fè konnen bon nouvèl Kris la. Li te gen pou l' te fòtifye nou, pou l' te ankouraje nou nan lafwa,
- 3 pou pesonn pa febli nan mitan tribilasyon sa yo. Nou menm, moun lavil Tesalonik, se pou n' soufri bagay sa yo paske Bondye te wè davans sa tapral rive nou.
- 4 Lè m' te la nan mitan nou, mwen te pale nou davans nou tapral gen anpil lafliksyon. Nou wè se sa menm ki rive nou.
- 5 Se poutèt sa, mwen te voye Timote ban nou, mwen pa t' kapab tann ankò. Mwen te voye l' pran nouvèl jan konfyans nou nan Bondye ye. Mwen te pè pou Satan pa t' pran nou nan pèlen li, pou tout travay mwen an pa t' pèdi.
- 6 Men koulye a, Timote fèk rive sot lakay nou, li fè kè m' kontan, li ban m' bon nouvèl, li di m' jan nou gen konfyans ak renmen. Li di m' jan nou menm tou nou toujou chonje m', jan nou anvi wè m', menm jan mwen menm mwen anvi wè nou.
- 7 Konsa, frè m' yo, nan mitan tout fikilte ak tout lafliksyon mwen yo, sa te ban m' kouraj lè m' tande jan n'ap kenbe fèm nan lafwa.
- 8 Se koulye a m'ap viv tout bon, paske nou menm, moun Tesalonik, nou rete fèm nan lavi n'ap mennen ansanm ak Kris la.
- 9 Mwen pa konn ki jan pou m' di Bondye mèsi pou nou, tèlman nou fè kè m' kontan devan li.
- 10 Lajounen kou lannwit, m'ap mande ak tout kè mwen pou Bondye ban m' chans yon lè vizite nou ankò, pou m' ka fin moutre nou sa nou manke nan lafwa a toujou.
- 11 Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou, pou yo louvri yon chemen pou mwen pou m' ka vin wè nou.
- 12 Mwen mande Seyè a pou nou gen plis renmen yonn pou lòt ak pou tout moun, menm jan mwen renmen nou.
- 13 Konsa, nou menm moun Tesalonik, Kris la va fòtifye kè nou pou nou ka san repwòch devan Bondye, Papa nou, tankou moun k'ap viv apa pou li jouk lè Jezikri, Seyè nou an, va vini ansanm ak tout moun pa l' yo.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian