1 Tesalonik 1
- 1 Mwen menm, Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz lavil Tesalonik yo, k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an. Mwen mande pou yo ban nou benediksyon ak kè poze.
- 2 Se tout tan m'ap di Bondye mèsi pou nou tout. Mwen pa janm bliye nou lè m'ap lapriyè.
- 3 Devan Bondye Papa nou, mwen toujou chonje jan n'ap viv byen paske nou gen konfyans nan Bondye, jan n'ap travay di paske nou gen renmen nan kè nou, jan nou rete fèm nan espwa nou gen nan Jezikri, Seyè nou an.
- 4 Mwen konnen, frè m' yo, Bondye renmen nou, se li menm ki chwazi nou pou n' ka viv pou li.
- 5 Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou.
- 6 Nou te swiv egzanp mwen ak egzanp Seyè a. Nou te soufri anpil. Malgre sa, nou te resevwa pawòl Bondye a ak kè kontan. Sa se travay Sentespri.
- 7 Se konsa, nou te tounen yon egzanp pou tout moun nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi ki gen konfyans nan Bondye.
- 8 Konsa, nou fè anpil moun rive konnen mesaj Seyè a. Se pa sèlman nan Masedwan ak nan Lakayi, men se toupatou moun ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. Se sa ki fè, nou pa bezwen pale sou sa ankò.
- 9 Okontrè, yo tout ap rakonte jan nou te resevwa m' lè m' te rive lakay nou, jan nou te kite zidòl yo pou n' tounen vin jwenn Bondye, pou nou te ka sèvi Bondye vivan an, Bondye tout bon an.
- 10 Y'ap di tou jan n'ap tann Jezi, Pitit Bondye a, k'ap vini sot nan syèl la. Se Jezi sa a Bondye te leve vivan soti nan lanmò. Se li menm k'ap delivre nou anba kòlè Bondye k'ap vini an.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian