1 Korint 2
- 1 Frè m' yo, lè mwen te al lakay nou, se pa t' avèk gwo diskou ni bèl pawòl mwen te fè nou konnen plan travay Bondye ki te kache a.
- 2 Mwen te mete nan tèt mwen pou m' te bliye tout bagay sa yo. Yon sèl bagay mwen te konnen tout tan mwen te la ansanm ak nou an, se Jezikri, epi sèlman Jezikri yo te kloure sou kwa a.
- 3 Mwen vin kanpe tou fèb devan nou. Lè sa a, mwen t'ap tranble nan tout kò m' sitèlman mwen te pè.
- 4 Lè m' te fè nou konnen tout bagay sa yo, lè m' te anonse nou nouvèl la, se pa t' avèk bèl pawòl bon konprann lèzòm mwen t'ap chache pran tèt nou. Men, se te avèk pouvwa Lespri Bondye a ki t'ap bay tout prèv pou fè nou kwè.
- 5 Konsa, konfyans nou gen nan Bondye a pa chita sou bon konprann lèzòm, men sou pouvwa Bondye.
- 6 Malgre sa, se yon bon konprann m'ap fè moun ki byen devlope nan konfyans yo konnen. Men, se pa menm bon konprann ak bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn, ni ak bon konprann pouvwa k'ap donminen lemonn, pouvwa ki la pou disparèt.
- 7 Bon konprann m'ap anonse a, se bon konprann Bondye te sere a. Li te kache nan je moun. Men, depi anvan Bondye te kreye anyen, bon konprann sa a te nan plan l' pou l' te ka sèvi yon lwanj pou nou.
- 8 Pa gen pouvwa nan lemonn ki te konnen bon konprann sa a. Si yo te konnen l', yo pa ta kloure Seyè ki merite lwanj la sou kwa a.
- 9 Men, jan sa te ekri nan Liv la: Bagay pesonn pa t' janm wè, ni pa t' janm tande, bagay ankenn moun pa t' janm mete nan tèt yo, se sa Bondye te pare pou moun ki renmen li.
- 10 Bondye voye Sentespri l' ki devwale sekrè travay sa a ban nou. Lespri Bondye sonde tout bagay, menm sa ki nan fon kè Bondye.
- 11 Pran nenpòt moun: Kilès ki ka konnen sa ki nan kè li? Se lespri ki nan li a sèlman ki ka konn sa. Konsa tou, sèl Lespri Bondye konnen tout bagay ki nan Bondye.
- 12 Se pa lespri k'ap travay nan moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan nou te resevwa. Lespri nou resevwa a, se Lespri Bondye te voye ban nou an pou n' te ka konnen tout favè Bondye te fè nou.
- 13 Si n'ap pale sou tout favè Bondye fè nou, se pa avèk pawòl nou jwenn nan bon konprann lèzòm, men se pito avèk pawòl Lespri Bondye ap moutre nou. Se konsa, nou fè moun ki gen Lespri Bondye nan kè yo konprann verite ki soti nan Lespri a.
- 14 Yon moun ki pa gen Lespri Bondye a nan kè l' pa ka asepte verite ki soti nan Lespri Bondye a. Pou li, se pawòl moun fou yo ye. Li pa kapab konprann yo, paske se Lespri Bondye a ki pou ede l' egzaminen yo.
- 15 Okontrè, moun ki gen Lespri Bondye a nan kè l', li kapab jije tout bagay. Men li menm, pesonn pa ka jije li.
- 16 Jan sa ekri nan Liv la: Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki pou moutre l' sa pou l' fè? Men nou menm, nou konnen sa ki nan lide Kris la.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian