1 Korint 13
- 1 Menm si mwen ta konn pale tout kalite lang moun pale ansanm ak lang zanj yo pale, si m' pa gen renmen nan kè m', bèl pawòl mwen yo pa pi plis pase yon tanbou k'ap fè anpil bwi, pase yon klòch k'ap sonnen.
- 2 Menm si mwen ta gen don pou m' fè konnen mesaj ki soti nan Bondye, menm si mwen ta gen tout kalite konesans, menm si mwen ta konprann tout ti sekrè ki kache, menm si mwen ta gen konfyans anpil nan Bondye pou m' fè mòn yo chanje plas, si m' pa gen renmen nan kè m', mwen pa anyen.
- 3 Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen.
- 4 Moun ki gen renmen nan kè li gen pasyans, li gen bon kè, li p'ap anvye sò lòt moun. Li p'ap fè grandizè, li p'ap gonfle ak lògèy.
- 5 Moun ki gen renmen nan kè li p'ap fè anyen ki pou fè moun wont, li p'ap chache avantaj pa l', li p'ap fè kòlè, li p'ap kenbe moun nan kè.
- 6 Moun ki gen renmen nan kè li p'ap pran plezi l' nan sa ki mal, li pran plezi l' nan sa ki vre.
- 7 Moun ki gen renmen nan kè li sipòte tout bagay: nan nenpòt ki sitiyasyon, li toujou gen konfyans nan Bondye, li p'ap janm pèdi espwa, l'ap toujou moutre jan li gen pasyans.
- 8 renmen pa janm fini. Pouvwa pou bay mesaj ki soti nan men Bondye a pa la pou tout tan. Pouvwa pou pale langaj gen pou fini yon lè, konesans gen pou disparèt.
- 9 Paske, sa nou konnen, nou pa fin konnen l' nèt. Ata mesaj ki soti nan Bondye yo, nou pa fin bay yo nèt.
- 10 Men, lè sa ki bon nèt la va vini, sa ki poko fin bon an gen pou l' disparèt.
- 11 Lè m' te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te konprann tankou timoun, mwen te fè tèt mwen travay tankou timoun. Men, koulye a mwen fin gran, mwen kite tou sa timoun te konn fè.
- 12 Konsa tou, sa nou wè koulye a, se tankou yon pòtre n'ap gade yon jan twoub twoub nan yon glas. Men, pita nou pral wè fasafas. Koulye a nou pa fin konn tout bagay. Men, pita n'a konnen nèt ale menm jan Bondye konnen nou an.
- 13 Koulye a se twa bagay sa yo ki toujou la: se konfyans, se espwa, se renmen. Men, nan twa bagay sa yo, se renmen ki pi gran.
Served exactly as published. Public domain.
Read aloud
Read aloud in another edition
One voice reads for now, and it reads the World English Bible Classic. This chapter is recorded there; this edition is not.
Read this chapter in that editionExplained
Understand this chapter
A chapter about love, written into an argument about spiritual gifts. It says that the gifts the Corinthians were competing over are worth nothing without it, and then describes love almost entirely in verbs.
Read the explanationIn other languages
- Louis Segond 1910 · French
- Sainte Bible libre pour le monde · French
- World English Bible Classic · English
- Santa Biblia — Reina Valera 1909 · Spanish
- Riveduta Bibbia 1927 · Italian
- Lutherbibel 1912 · German
- Bíblia Portuguesa Mundial · Portuguese
- De Heilige Schrift, Petrus Canisiusvertaling, 1939 · Dutch
- Bible Kralická 1613 · Czech
- Biblia Traducerea Fidela · Romanian
- Kinh Thánh · Vietnamese
- La Biblia en Español Sencillo · Spanish
- Święta Biblia · Polish
- Біблія в пер. П.Куліша та І.Пулюя, 1905 · Ukrainian
- Sveto Pismo ili Biblija · Serbian
- 新标点和合本 · Chinese, simplified script
- 新標點和合本 · Chinese, traditional script
- الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايك · Arabic
- Синодальный перевод · Russian